Cheminman refleksif sou reyalite politik ayisyèn nan : komisè ‘Muscadin’ kòm KA
- preflexoeseopinioe
- Jan 2
- 11 min read

Fonte: Triboland Meia, 2024
** Muscadin kenbe yon plak donè agoch/ epi adwat yon miltid jèn ap manifeste an favè komisè a.
Nan ouvraj ki pote tit La Famille des Pitite-Caille, ki te pibliye nan ane 1905, pandan l t ap analize reyalite peyi a, nan jan l te wè bagay yo t ap fèt, Justin Lhérisson te deklare: Nan peyi sa a, enposib tounen posib, epi posib tounen enposib. [...] Note byen sa a: pa janm etone w de anyen; oubyen, etone w sèlman si w wè yon moun nan peyi a ta etone l de yon bagay... (1905/2015, p. 54).
Byenke refleksyon sa a gen plis pase 120 lane depi l te fèt, li kontinye dekri ak anpil jistès reyalite politik n ap viv jodi a. Obsèvasyon sa a kapab sèvi kòm paramèt pou nou konprann sa k ap pase nan peyi a dènyè tan yo, kote nou konstate ayisyen (nan tout kategori sosyal) refize tire leson nan tan pase yo pou yo konprann prezan epi bati yon demen miyò epi sou yon baz develòpman. Se konsta sa a nou fè lè nou gade jan peyi a ap mache nan dènye tan sa yo, patikilyèman jan aktè politik, sosyal, ekonomik yo ap pozisyone yo nan dènye mwa sa yo.
Sou baz konsiderasyon sa a, atik opinyon sa a gen pou prensipal objektif pwopoze yon refleksyon sou reyalite politik ayisyèn nan, pandan l pran kòm pwen depa li: diskisyon k ap fèt nan sosyete ayisyèn nan (kit an favè ou kont) pèsonalite Muscadin kòm pwochen prezidan peyi a. Nou pran Muscadin kòm pwen depa, paske depi fen mwa oktòb ki sot pase a, non li tounen prèske yon fenomèn an n Ayiti kou nan dyaspora a, sitou sou rezo sosyal yo; kote opinyon yo divize an 2 kan. Nan yon bò, anpil moun (nan diferan kouch sosyal, tankou pwofesè, jounalis, entèlektyèl, senp sitwayen) manifeste admirasyon yo pou komisè a, yo menm fè l pase kòm nouvo sovè oswa “Mesi” pèp Ayisyen an. Moun sa yo rive menm konsidere moun ki pa gen menm pozisyon ak yo kòm moun k ap sipòte gang oswa an konfiyolo ak gang. Yon lòt bò, gen yon ti gwoup tou piti (ki gen ladan l kèk chèchè, defansè dwa moun, ak kèk ti grenn jounalis) ki manifeste enkyetid ak laperèz yo fas a pèsonalite sila a.
An brèf, admirasyon ak laperèz ki antoure non Muscadin an soulve yon kesyon majè: Ki sa admirasyon oubyen laperèz ki antoure non Muscadin an tradwi nan sosyete a? Kesyon sa a, egzije, anvan tout eleman repons, de lòt entèwogasyon: Ki moun ki Muscadin an? Ki sa l fè ki fè l vin prèske tounen yon fenomèn konsa nan peyi a?
Konsa a, refleksyon ki prezante la a vize montre ki jan Muscadin fè vin popilè konsa a, pandan l ap dekripte tou kèk motif ki fè pèsonalite sa a antoure ak yon melanj admirasyon ak laperèz. Anplis, li vize abòde reyalite politik ayisyèn nan pou l montre pou kisa, kontrèman a jan sa te konn fè anvan an, li nesesè pou tout moun (sitou entelektyèl yo) angaje yo nan ede chwazi pi bon pwojè oswa pwogram sosyete nan pwochen eleksyon ki gen pou fèt nan peyi a.
I. Pou kisa Ernest Muscadin?
Ernest Muscadin se komisè gouvènan Miragwàn, depatman Nip depi mwa janvye 2019. Sa vle di se administrasyon ansyen prezidan Jovenel Moïse la, PHTK II, ki te nome l nan pòs sa a. Depi nominasyon l an 2019, li ta pral poze yon zak ki te prèske mete l douvan sèn nan: se arestasyon ansyen senatè Nenel Cassy nan mwa janvye 2021, yon opozan fawouch ansyen prezidan defen Jovenel Moïse, kote anpil moun te wè arestasyon sa a kòm yon arestasyon politik, kòmandite. Kòm opozisyon an te fò nan epòk la, ansyen senatè a ta pral jwenn liberasyon l nan menm jou a, kòmisè a menm te soti tou piti nan zak sila.
Muscadin kòmanse tounen yon fenomèn (yon ka patikilye nan sans paradoksal) nan mwa jen 2022, lè li menm an pèsòn te fizye yon prezime bandi ki te rele “zo pwason” yon prezime manm gang “Senk segond”, Izo ap dirije nan VilajdeDye. Ta sanble, malgre yo te deja metrize endividi a, kòmisè gouvènman an ki gen kòm prensipal misyon “chache epi trennen douvan lajistis tout deli, tout prezime kriminèl”, deside fizye prezime bandi a, san okenn kontrent, andeyò lwa repiblikèn yo.
Zak sa a ta pral soulve endinasyon bò kote kèk òganizasyon dwa moun ki ta pral reklame revokasyon komisè a pou tèt li te aji andeyò lalwa.Yon bò, pozisyon òganizasyon dwa moun yo ta pral pwovoke yon vag reyaksyon anfavè kòmisè a, kote anpil moun ta pral kondidere òganizasyon sa yo kòm òganizasyon k ap defann bandi, ki an konivans ak bandi. Yon lòt bò, sa ta pral fè minis jistis nan epòk la konvoke komisè a. Konvokasyon sa ta pral pwovoke endinasyon lakay anpil moun ki te bay gouvènman an defi pou l revoke komisè a. Fas a sa a, minis lan te deside pa t rapouswiv kovokasyon an: Komisè a menm tou soti ranfòse ajamè.
Daprè yon atik nan Ayibopost ki entitile Pourquoi Muscadin n-a-t-il pas été révoqué sous Ariel Henri ?, ansyen komisè gouvènman potoprens lan Paul Eronce Villard, ki se te direktè kabinè minis jistis nan epòk la, di li te difisil pou administrasyon nan epòk la te sanksyone Muscadin paske “pèp la apresye l e soutni l”, e “menm lèt blam nan nan epòk la se te yon ak kouraje bò kote minis jistis la”.
Depi lè sa a, Muscadin vin tounen yon tou-pwisan. Li fè sa l vle, jan l vle, lè l pipito. Li kreye pwòp eslogan l: toutotan m kòmisè gouvènman, depatman Nip lan ap rete yon simetyè pou tout bandi. Anpil moun, nan tout kategori nan sosyete a ki nan yon eta desespere anba zak kriminèl bandi san fwa ni lwa yo, deside sipòte (san rezèv) tout aksyon komisè a poze. Plis li touye prezime bandi (ke yo deja fin metrize), plis yo fè lwanj pou li, e se plis kominsè a deside aji san limit, san okenn krentif pou la lwa. Se konsa, Muscadin vin tounen yon tou pwisan, vin tounen an bon kreyòl “ti chouchou yon bon pati nan pèp Ayisyen an”. Li vin tèlman pwisan, li deside debake nan lòt depatman tankou Okay pou al trake/touye bandi. E gen moun tout kategori sosyal ki di si gran Sid la pa gangterize se gras a kòmisè a. Ou ta mande moun sa yo si se Muscadin ki fè gran Nò (Nò, Nòdès, Nòdwès) pa gangsterize tou pou w wè sa y ap reponn. Li pa enposib pou yo ta reponn WI, paske pèsonalite Muscadin prèske vin tounen yon fenomèn.
Jan komisè a fin popilè a raple nou, san oken dout, sweet Micky, ki te vin yon mizisyen popilè nan di betiz, nan pa respekte la lwa, nan pase moun an derizyon. Sa vle di, fenomèn Muscadin an pa tout afè nouvo. Men, andeyò tout pozisyon patizàn, san okenn pretansyon pou fè moun moral, nou bezwen reflechi sou kesyon sa a: ki sa pèsonalite Muscadin tradwi nan sosyete ayisyèn nan? Lè n baze sou ti rale ki fèt piwo a, nou kapab note kesyon sa a fasil pou reponn. Nou kabab sentetize an twa (3) eleman reyalite pèsonalite Muscadin an charye dèyè l.
II. Santiman yon pèp ki ozabwa, ki fatige ak egzasyon gang yo nan payi a
Depi 2018 pou rive nan finisman ane 2025 lan, popilasyon sivil la pa janm sispann soufri anba zak kriminèl bandi san fwa ni lwa anba je konplis otorite yo nan peyi a. Pandan tout tan sa a, bandi sa yo, kidnape, piye, kraze, brize, boule, vyole, touye, asasinen san okenn enkyetid, epi popilasyon sivil la ki lage san defans ap soufri. Yon popilasyon k ap soufri konsa, ki pa gen sou okenn otorite li ka konte, pa t ka gen okenn lòt santiman ki abite l ke santiman vajans, sa vle di: “èy pou èy dan pou dan”. Ou pa ka mande yon pèp ki fin pèdi tout sa l te redi konstwi pandan anpil anpil ane, oubyen ki pèdi youn oswa plizyè pwòch li yo pou li panse yon lòt fason: pou l mande pou lajis sèvi an tout rigè kont kriminèl ki fè l tout mal sa yo. Non, ou pa t ka mande l sa a, se konpreyansiv fwistraksyon ak revòl li. Sèl sa li wè ki ka ede l yon ti kras nan moman sa a se “lanmò”, efasman bandi ki fè l tout mal sa yo. Nan pwen sa a, nou ka konprann pou ki sa, kòmisè Muscadin vini tounen preske yon sovè.
III. Inegzistans Leta oswa bantitizasyon Leta a
Falisite bandi yo genyen pou komèt zak kriminèl yo, nan enpinite total, san okenn aksyon konkrèt bò kote Leta, ki gen pou prensipal misyon asire byennèt, entegrite, sekirite popilasyon l ap dirije a mennen nou a konklizyon sa a: oswa Leta absan totalman, li pa egziste, oswa li menm ak bandi yo fè yon sèl. Ki jan w ka konprann yon bann nèg ki reprezante Leta a, k ap touche kòb yon mwa nan non Leta a deside ap kouri al kache, kouri kite espas enstisyon yo (menm palè nasyonal) pou bandi pye atè alòske se Leta ki gen nan men l monopòl vyolans fizik lejitim? Se yo te enkonpetan yo t ap demisyone; kòm yo pa janm demisyone, yo rete ap konste menm jan yon senp sitwayen, tradwi an pati yon fòm konbinezon oswa posiblisite reprezante Leta ak gwoup kriminèl sou do popilasyon an, pou fini ak peyi a. Alò, yon pèsonalite tankou Muscadin ki montre l ka touye bandi menm jan bandi yo ap touye pèzib sitwayen san defans, vin parèt tou senpleman yon sovè.
IV. Absans diyite moun oswa absans total mounite nan peyi a
Jan depi kèk tan Leta Ayisyen pa montre l reponsab nan pwoteje lavi moun, li pa mete moun nan sant tout dezisyon l yo, jan bandi kriminèl yo ap maltre moun, ap matirize moun, ap asasinen epi fè masak tradwi yon absans total diyite moun nan peyi a. Sa vin fè, tout moun k ap sikile nan peyi a tounen yon “mò abilan” oswa yon mò an vakans. Lè n ap obsève sa k ap pase nan peyi a, ou ta di prèske tout moun gen dwa pou touye moun. Nan lòt tèm, se kòmsi: dwa pou touye moun libere nan peyi a. Pou nenpòt bagay, se touye. Bandi ap asasinen, ap fè masak preske chak jou; gwoup otodefans ap touye moun (tout moun yo ta kwaze ke yon konsidere kòm sispèk, oswa yo sipsyone l gen lyen a gwoup gang), lapolis ap touye moun pou ti krik ti krak, kòmisè gouvènman ap touye moun, manm nan popilasyn sivil la ap touye tou. Absans mounite a fè nenpòt mezantant, nenpòt altèkasyon debouche sou vyolans fizik, sou lanmò. Se sa k fè anpil moun, menm sa ki di yo se entèlektyèl, direktè opinyon sipòte aksyon komisè gouvènman Muscalin yo, ki, depi l rankontre yon moun li sispèk ki nan gang, li fouye telefòn li e li ta jwenn kèk mesaj konprometan, l ap fizye moun sa a sou plas. Touye moun vin tounen yon fè anoden nan yon peyi kote diyite moun pa respekte.
Pou fini, opinyon ki pataje sou pèsonalite Muscadin an (kote yon mas moun ap defann li epi yon ti gwoup tou piti montre laperèz yo fas a pèsonalite sila a) tradwi malgre tou yon vitalite demokratik; paske fòk gen ide kontrè. Menm nan yon fanmi (kote tout moun sanse resevwa menm edikasyon) gen opinyon kontrè alewè pou yon peyi, yon popilasyon. Sa k parèt lesansyèl se lè tout moun ka defann opinyon yo nan respè youn pou lòt.
Toutfwa, se yon pwoblèm lè nou pa ka rive identifye opinyon moun avize, ke Jean Price-Mars rele elit (sitou elit entèlekstyèl, ‘direktè opinyon’) ak opinyon mas popilè a. Paske yon entèlektyel, an akò ak pèspektiv yon ekriven tankou Edouard Saïd, se “pa yon pasifikatè ni tou li pa yon moun k ap kreye konsansis, men se yon moun ki mete tout li menm nan sans kritik, nan refize aksepte sa ki fasil”, refleksyon bon mache. Se poutèt sa a, nou dwe reflechi sou fenomèn Muscadin an ki pwovoke nan peyi a refleksyon bon mache ki pwopoze solisyon fasil, solisyon bidon.
Aprè eksperyans ak Martelly kòm prezidan peyi a an 2010, ki kontribye anpil anpil pou mete peyi kote li ye la jodi a, anpil moun te panse nou t ap pran leson, nou t ap aprann chwazi sou baz pwogram/pwojè sosyete olye se sou baz eslogan, patènalis. Sa vle di, nou t ap dezòmè an mezi pou n konprann: se pa paske nou konsidere yon moun kòm bon avoka ki fè li oblije prezidan peyi a pou sa a, se pa paske nan zye pa nou yon atis fè yon bon mizik, oswa konn byen pèfòme ki fè li merite prezidan pou sa a, se pa paske nou konsidere yon moun se yon bon pwofesè ki fè l tou merite prezidan pou sa a, se pa paske nou jije yon moun kòm yon bon jounalis ki vle di li oblije prezidan pou sa a, se pa paske nou panse yon moun se yon bon komisè gouvènman ki vle di li oblije prezidan pou sa a, elatriye...
Aprè eksperyans Martelly a, anpil moun te panse entèlektyel, ‘direktè opinyon’ yo (odela de tout pozisyon ideyolik) ta pral angaje yo nan fè sa Jean Price-Mars trete nan ouvraj li a La vocation de l’élite kòm “edikasyon sosyal”, displin nou dwe enpoze a pwòp tèt nou pou n patisipe swa dirèkteman oswa endirèkteman nan kreyasyon zèv ki vize rezoud definitivman yon seri pwoblèm sosyetal. Sa vle di, nan kafou peyi a twouve l la, elit entèlektyel la ta dwe kontribye pou enfliyanse mas popilè a nan fè yo sispann vote pou mil goud, sispann vote yon moun pou kèlke swa pòs li ta ye sou baz li te fè yon bagay nan domèn li nou jije ki te bon, sispann chwazi sou baz emosyon, santiman, lanmou, pou posib pòs politik. Ede yo konprann: administre se yon syans, politik se yon syans, an n prann chwazi sou baz pwojè sosyete, ki gen ladan yo estaf/ekip konpetan e serye nan administre zafè piblik.
Nans sans sa a, pou fèmomèn Muscadin an, menm si nou renmen l, admire l pou sa l fè nou jije ki bon, ki korèk, entelèktyèl la ta dwe leve mas popilè a reflechi sou yon ansanm kesyon ki fondamantal pou “re/fondasyon yon peyi”. Sa vle di, anvan nou pwomouvwa yon moun kòm prezidan (kòm sòve pèp ayisyen an) nan sitiyasyon peyi a ye la a, kote tout bagay dwe rekonstri, nou dwe poze tèt nou kesyon tankou: ki pwogram de refondasyon (sosyal, jidisyè, ekonomik, politik, edikasyonèl, kiltirèl, anvironmantal…) moun sa a (oswa ekip sa a) genyen pou peyi a? Èske pwojè/pwogram refondasyon lan reyalizab? Nan yon echèl de 0 a 10, konbyen nòt ou wè pwojè/pwogram moun sa a (oswa ekip sa a) merite? Ki kote moun sa a/ekip sa a sitye l ideyolojikman? Ki konpetans li nan administre yon peyi?
An tou ka, nan kafou peyi a ye la, kote tout bagay detwi, klewonen non yon moun, yon endividi kòm sovè san okenn pwojè/pwogram sosyete se repete menm erè nan tan pase yo. Kòm entèlektyel nou ta ka jwe yon wòl eklerè, nan pozisyone nou sou baz meyè pwojè/pwogram sosyetal olye se sou baz emosyon, santiman, epi ede mas pèp la konprann ki sa administre e dirije yon peyi ye.
Refleksyon nou fè la pa gen anyen a wè a yon demanch pou (de)valorize komisè Muscadin. Si, tout bon vre, komisè a ta gen nan tèt li pou poze kandidati l pou nenpòt pòs la e si entansyon se pou l ede Ayiti soti nan sa l ye la, li ta dwe ap poze tèt li menm kesyon ki soulve la yo. Pwiske refeksyon sa a nou prezante la rantre nan demanch ki vize montre dirije yon peyi ekzije anpil bagay, nou ka fini pou n di: sèlman ekip yon prezidan oswa yon eli pral gen avè l la p ap sifi pou ede l re/konstri yon peyi tankou Ayiti kote tout bagay est à reconstruire. Nenpòt moun ki pral rive nan tèt peyi a, non sèlman, ta dwe deja genyen yon konesans nan admistrasyon piblik, yon pwojè/pwogram de refondation nationale, men apateni a yon ekip ki mobilize espasyalis nan tout domèn konpetans, ki te deja travay oswa reflechi sou prensipal pwoblèm peyi a.
Dieumettre JEAN, PhD.




Comments