Cheminman refleksif sou reyalite politik ayisyèn nan : komisè ‘Muscadin’ kòm KA
Fonte: Triboland Meia, 2024 ** Muscadin kenbe yon plak donè agoch/ epi adwat yon miltid jèn ap manifeste an favè komisè a. Nan ouvraj ki pote tit La Famille des Pitite-Caille, ki te pibliye nan ane 1905, pandan l t ap analize reyalite peyi a, nan jan l te wè bagay yo t ap fèt, Justin Lhérisson te deklare: Nan peyi sa a, enposib tounen posib, epi posib tounen enposib. [...] Note byen sa a: pa janm etone w de anyen; oubyen, etone w sèlman si w wè yon moun nan peyi a ta etone l de yon...